Fòs Lame Dayiti yo ap asire sekirite perimèt ayewopò a, ak yon sipò limite kontenjan Polis Militè lame tè Gwatemala a bay, nan kad Fòs pou Konbat Gang (FRG).
FAd’H yo deplwaye pou pwoteje plizyè enfrastrikti estratejik nan kapital la, sitou andedan ak nan perimèt Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.
Gras ak mezi sekirite sa yo, operasyon ayewopò a ap kontinye mache nòmalman, pandan otorite yo ap ranfòse dispozitif pou konbat ensekirite nan zòn metwopoliten an.


0 Commentaires